Nan ki domèn nou espesyalize

Poukisa ou bezwen pi bon avoka bò kote w

Li enpòtan pou ou gen yon bon avoka ki fè pati Saint's Law Firm paske sa pral pèmèt ou kontre fas kare ak pwoblèm legal ki konplike san dlo nan je. Saint's Law Firm ap ba ou bonjan konsèy ekspè, planifye ak estrateji, epi reprezante ou ak fòs, pou asire yo pwoteje dwa ou epi yo reprezante dosye ou a kòmsadwa. Ou mèt fè nou konfyans pou jwenn pi bon rezilta posib pou ou.

Nan kisa nou maton

Nan ki domèn nou espesyalize

Lè yo akize w pou yon zak kriminèl oswa ba w yon tikè pandan w ap kondi

DUI

Èske yo akize w pou Kondi sou Enfliyans Dwòg oswa Alkòl (Driving Under the Influence, DUI nan lang angle a)? Ekip defans legal pou DUI nou an ap travay di pou pwoteje dwa ou yo epi redui konsekans akizasyon pou moun k ap kondi pandan yo sou.

Vyolasyon kondisyon liberasyon

Èske w ap fè fas ak yon akizasyon ki di ou te vyole kondisyon liberasyon ou? Sa ki rele "probation" nan lang angle a. Ekip legal nou an ap pwopoze estrateji defans ki djanm pou pwoteje dwa w ak libète w.

Ofans ki gen rapò ak dwòg

Èske yo akize w pou yon ofans ki gen rapò ak dwòg? Avoka nou yo gen anpil eksperyans. Y ap travay pou defann dwa ou epi jwenn pi bon rezilta posib pou dosye w la.

Ofans ki gen rapò ak zam

Èske w ap fè fas ak yon akizasyon pou yon ofans ki gen rapò ak zam? Mete konfyans ou nan ekip legal nou an pou reprezante ou ak tout fòs ak kouray yo pou pwoteje dwa ou.

Ofans ki gen rapò ak vòl ak fwod

Èske yo akize w pou vòl oswa fwod? Avoka nou yo konpetan. Y ap travay pou defann dwa ou yo epi redui konsekans akizasyon sa yo.

Kanbriyolaj

Èske yo te mete akizasyon kanbriyolaj sou do w? Ki vle di kase kay yon moun. Ekspè legal nou yo pran angajman pou bati yon defans ki solid epi pwoteje dwa w nan tribinal.

Vòl

Èske yo akize w pou vòl? Ekip legal nou an gen eksperyans nan pwopoze estrateji defans ki djanm pou pwoteje dwa ou epi goumen pou libète w.

Bay moun kou

Èske w gen yon akizasyon ki di w te bay yon moun kou? Avoka nou yo ap travay san pran souf pou defann dwa w epi jwenn pi bon rezilta posib.

Vyolans Domestik

Èske yo akize w pou vyolans domestik? Avoka nou yo gen bon kè epi yo bay bonjan estrateji defans pou pwoteje dwa ou ak repitasyon ou.

Antre sou pwopriyete lòt moun san otorizasyon

Èske yo te mete akizasyon ki di ou te antre sou pwopriyete lòt moun san otorizasyon? Ekip legal nou an develope estrateji defans agresif pou pwoteje dwa ou yo epi jwenn pi bon rezilta.

Kondi avèk enpridans

Èske yo te mete akizasyon ki di ou te kondi avèk enpridans? Avoka nou yo ap pwopoze defans estratejik pou redui konsekans yo epi pwoteje dosye chofè ou.

Kondi pandan yo te sispann oswa pran lisans ou

Èske w ap fè fas ak akizasyon ki di ou t ap kondi ak yon lisans yo te sispann oswa anile? Ekip legal nou an pwopoze defans ki djanm pou pwoteje dwa ou yo.

Kondi san lisans

Yo akize w ap kondi san lisans? Avoka nou yo bay bonjan defans pou pwoteje dwa w ak privilèj pou ou gen pou kondi yo.

Lisans oubyen papye machin nan pa t avè w lè w t ap kondi

Èske yo te akize w lisans oubyen papye machin nan pa t avè w lè w t ap kondi? Ekip legal nou an ap travay pou pwoteje dwa w epi redui enpak akizasyon sa yo.

Kondi twò vit

Èske yo te akize w pou eksè vitès? Avoka nou yo ap pwopoze bonjan defans pou redui konsekans yo epi pwoteje dosye chofè ou.

Restorasyon lisans oubyen pèmi kondi

Èske ou bezwen èd pou yo remèt ou lisans oubyen pèmi kondi ou? Ekip legal nou an bay konsèy epi reprezante ou nan demach pou yo remèt ou lisans ou.

Nan kisa nou maton

Nan ki domèn nou espesyalize

Moun ki blese oswa soufri akoz neglijans yon lòt

Aksidan machin

Ekip nou an gen anpil eksperyans nan goumen pou dwa ou epi ede ou touche yon bon konpansasyon jis apre yon aksidan machin, pou asire ou jwenn jistis pou chòk ou yo.

Aksidan motosiklèt

Si ou te nan yon aksidan motosiklèt, mete konfyans ou nan avoka kalifye nou yo pou pousuiv konpansasyon ou merite pou chòk ou pran yo.

Glise epi tonbe sou pwopriyete lòt moun

Lè ou glise epi tonbe sou yon pwopriyete akòz neglijans epi ou pran yon chòk, ekspè legal nou yo ap travay san pran souf pou w touche konpansasyon pou soufrans ou an.

Rele nou 24 sou 24, 7 jou sou 7

(240) 408-8358

OSWA

Resevwa premye konsiltasyon ou GRATIS!

HAITIAN-CREOLE